Gid pou Bon jan Itilizasyon Antibyotik

Bakteri ak Viris

Ni viris ni bakteri lakoz enfeksyon, men antibyotik travay sèlman kont bakteri.

Enfeksyon viral

  • Sa gen ladann rim, grip, kwoup, larenjit, rim pwatrin (bwonchit), ak pifò gòj fè mal.
  • An jeneral yo plis trapan ke enfeksyon bakteri. Si plis pase yon moun nan fanmi an gen menm maladi a, li plis sanble yon enfeksyon viral.
  • Ka fè w malad menm jan ak enfeksyon bakteri.
  • An jeneral w ap santi w amelyore nan 4-5 jou men li ka pran jiska twa semèn pou w refè nèt.

Enfeksyon bakteri

  • Yo mwens komen pase enfeksyon viral.
  • Yo pa pwopaje fasil de yon moun a yon lòt menm jan ak enfeksyon viral yo.
  • Egzanp komen yo gen ladan yo anjin stretokoksik ak kèk kalite nemoni.

Rezistans Antibyotik

Itilize antibyotik ak sajès pou w limite rezistans antibyotik.

Lave men

Lave men se pi bon fason pou kanpe enfeksyon k ap pwopaje.

Lafyèv

Lafyèv se lè tanperati kò w monte, souvan akoz maladi. Po ki wouj, cho, epi sèch, menm anba bra, se yon siy lafyèv.
Tanperati w oswa tanperati pitit ou a depann de ki kote yo mezire l.

Lafyèv:

  • Ede kò a konbat enfeksyon
  • Sa ka rive lè gen enfeksyon ni viral ni bakteri.

Jesyon:

  • Lafyèv se yon mekanis pwoteksyon ki ede kò a konbat enfeksyon. Lafyèv ka rive lè gen enfeksyon ni viral ni bakteri.
  • Konsidere itilizasyon asetaminofèn oswa ibipwofèn (selon enstriksyon ki sou pakè a) si moun ki gen lafyèv la pa konfòtab.
  • Abiye tèt ou oswa pitit ou a ak rad lejè konsa w ap fre men san w pa gen frison, paske frison ap fè gen plis chalè. Kenbe tanperati chanm nan anviwon 20° C oswa fre yon fason ki konfòtab.
  • Bwè anpil likid fre. Ofri pitit ou a likid fre oswa sousèt glase chak inèdtan lè je l klè.

Si yon moun nenpòt laj gen lafyèv ak demanjezon e li te nan yon zòn kote gen lawoujòl, kontakte Lyen Sante (Health Link) (konpoze 811 nan Alberta) pou w resevwa konsèy sou sa ki pi bon pou w fè.

Rim ak Ekoulman Nazal

Se viris ki bay rim. Gen anviwon 200 kalite viris ki lakoz rim. Timoun ka anrime 8-10 fwa pa ane. Granmoun yo gen mwens rim paske yo bati sistèm iminitè yo kont kèk nan viris yo. Antibiyotik pa fè anyen pou viris rim yo.

Sentòm:

  • Okòmansman, tèt fè mal, lafyèv, ak je k ap koule dlo, apre sa w ap vin genyen ekoulman nazal, gòj fè mal, estènen ak tous.
  • Likid k ap soti nan nen an klè okòmansman men apre sa li vin jòn oswa vèt pwès.

Prevansyon:

  • Lave men w pou w evite viris ki lakoz rim nan pwopaje.
  • Aprann timoun yo pou yo lave men yo.

Jesyon:

  • Bwè anpil dlo, a kèlkeswa tanperati ki bon pou ou a.
  • Konsidere itilizasyon asetaminofèn oswa ibipwofèn (selon enstriksyon ki sou pakè a) si moun ki gen rim nan pa konfòtab.
  • Si w gen rim oswa w ap pran swen yon moun ki gen rim, lave men w souvan pou w fè prevansyon pou w pa enfekte lòt moun.
  • Yon dekonjesyonan oswa siwo pou tous ka ede ak sentòm yo men li pa p diminye dire rim nan.

SONJE: Pa lage pwodui sa yo nan men timoun piti oswa bebe ki poko gen senk lane.

SONJE: Dekonjesyonan ak siwo pou tous yo ka gen ladan yo tou medikaman pou diminye lafyèv. Byen li etikèt yo epi verifye ak famasyen oswa doktè a pou evite depase dòz la.

Itilize gout pou nen ak baz dlo sale (solisyon salin) pou trete konjesyon, espesyalman lakay timoun piti ak tibebe. Itilize gout oswa spre ki mache ak dlo sèl oswa fè pa w.

Gout Dlo Sèl ki fèt Lakay

Melanje ansanm:

  • 1 kèp (240 mL) dlo distiye (si w ap itilize dlo nan wobinè, bouyi I pandan yon minit pou esterilize I anvan apre sa kite I vin tyèd)
  • ½ ti kiyè (2.5 g) sèl
  • ½ ti kiyè (2.5 g) bikabonat sodyòm

Mete melanj lan nan yon boutèy ki pwòp ak yon konngout, oswa yon boutèy ou ka peze (disponib nan famasi). Ou ka itilize tou yon sereng aspirasyon. Prepare yon melanj fre chak 3 jou.

Itilizasyon:

  • Chita epi kage tèt ou dèyè lejèman. Pa kouche. Mete pwent konngout la, sereng aspirasyon an, oswa boutèy ou ka peze a yon ti kras anndan yon twou nen. Peze tou dousman pou kèk gout tonbe nan twou nen an. Fè menm bagay la pou lòt twou nen an. Siye konngout la ak yon papye oswa twal pwòp apre chak itilizasyon.

Grip

Se yon viris ki lakoz grip la. Granmoun ki gen grip ka bay lòt moun viris la pandan 3-5 jou apre sentòm yo kòmanse. Timoun ki gen grip ka bay lòt moun viris la pandan jiska 7 jou.

Sentòm:

  • Lafyèv/frison
  • Tèt fè mal
  • Doulè nan misk oswa kò
  • Sansasyon fatig
  • Gòj fè mal
  • Ekoulman nazal oswa nen bouche/estènen
  • Tous

Prevansyon:

  • Pran yon piki pou grip chak ane.
  • Lave men w, espesyalman apre ou sot an kontak ak yon moun ki malad. Aprann pitit ou fason pou l lave men l.
  • Kouvri nen ak bouch ou lè ou estènen oswa touse.
  • Anseye pitit ou pou l itilize bon prensip respirasyon.

Jesyon:

  • Bwè anpil likid, tankou dlo.
  • Repoze w anpil oswa pèmèt pitit ou a repoze l anpil. Rete lakay oswa kenbe pitit ou a lakay pandan premye jou maladi yo pou l repoze epi anpeche li pwopaje viris la bay lòt moun.
  • Konsidere itilizasyon asetaminofèn oswa ibipwofèn (selon enstriksyon ki sou pakè a) pou lafyèv, tèt fè mal, ak kò fè mal.

An jeneral sezon grip la kòmanse an Novanm oswa Desanm chak ane epi li fini an Avril oswa Me.
Yon lè konsa, grip ka lakoz nemoni.

Enfeksyon Sinis

Sinis yo se espas ki plen ak lè ozalantou nen ak je yo. Sinizit rive
lè likid antre nan sinis yo.

Sinizit souvan rive apre yon rim men pifò rim pa mennen nan
sinizit bakteryen. Sentòm sinizit yo pi grav e yo dire plis tan pase
yon rim.

SONJE: Si sentòm yo akonpaye ak gòj fè mal epi/oswa tous, konsilte Rim ak/oswa Grip.

Sentòm:

  • Doulè oswa presyon nan vizaj, tèt fè mal, dan fè mal, sansasyon fatig, tous, lafyèv.
  • Nen bouche ak ekoulman jòn oswa vèt ki dire plis pase 10 jou se yon siy ke ou ka bezwen antibyotik.

Jesyon:

  • Konsidere itilizasyon asetaminofèn oswa ibipwofèn (selon enstriksyon ki sou pakè a) pou doulè ak lafyèv.
  • Pou timoun, itilize gout oswa spre dlo sèl pou ede soulaje ekoulman nan nen yo (konsilte Rim/Nen Koule pou resèt nan Paj 9); pou granmoun, irigasyon salin plis efikas.
  • Dekonjesyonan yo ka soulaje nen bouche men yo pa p diminye dire maladi a.

SONJE: Pa lage pwodui sa yo nan men timoun piti oswa bebe ki poko gen senk lane.

SONJE: Dekonjesyonan yo ka gen ladan yo tou medikaman pou diminye lafyèv. Byen li etikèt yo epi verifye ak famasyen oswa doktè a pou evite depase dòz la.

Ni bakteri ni viris ka lakoz sinizit
(viris yo jiska 200 fwa pi komen).

Gòj fè mal

Yon gòj fè mal mache souvan ak yon rim. Pifò gòj fè mal se viris ki
bay yo. Yon antibyotik pa p ede pou yon gòj fè mal yon viris lakoz.

Gen kèk gòj fè mal se bakteri Streptococcu ki bay yo. Si yon gòj
fè mal mache ak nen koule, tous, anwe, konjonktivit, oswa dyare,
sanble se yon viris ki lakoz e SE PA anjin streptokoksik.

Doktè w la pa ka di si yon gòj fè mal se yon anjin streptokoksik lè l gade l sèlman.

  • Si gòj fè mal la fè pati yon rim, plis sanble se yon viris ki lakoz li e yon prelèvman nan gòj pa nesesè.
  • Si w pa gen siy yon rim, doktè w la ka pran yon prelèvman nan gòj pou gade si se yon bakteri oswa yon viris ki lakoz gòj fè mal la. An jeneral rezilta tès yo disponib nan 48 èdtan.
  • Si rezilta tès yo negatif, antibyotik yo pa p fonksyone paske gòj fè mal la sanble lakoz pa mwayen yon viris.
  • Si rezilta tès yo pozitif, doktè w la ka deside preskri yon antibyotik.
  • Lòt manm nan fanmi an pa bezwen fè tès sof si yo malad.

Jesyon:

  • Bwè anpil likid, tankou dlo.
  • Konsidere itilizasyon asetaminofèn oswa ibipwofèn (selon enstriksyon ki sou pakè a) pou doulè nan gòj ak lafyèv.
  • Pou timoun sis lane ak pi gran ansanm ak granmoun, pastiy senp pou gòj ka soulaje sentòm yo.
    SONJE: Yo pa sipoze bay timoun ki pi piti pastiy paske gen danje pou yo pa toufe.
  • Pou timoun ki pi gran ak granmoun, gagare dlo sèl tyèd ap fè gòj la santi l pi byen. Melanje ½ ti kiyè tab sèl ak 1 kèp (250 ml) dlo tyèd. Gagare pandan 10 segonn. Ou ka fè sa 4–5 fwa pa jou.
  • Ou menm oswa pitit ou ka tounen nan aktivite nòmal lè nou santi nou pi byen.

Zòrèy fè mal

Twonp Estach la konekte zòrèy mwayen an ak dèyè gòj la. Akoz tib sa a mens anpil lakay timoun piti, li ka bouche, espesyalman ak yon rim. Blokaj sa a kapab
mennen nan yon enfeksyon.

Li enpòtan pou note ke 70-80% timoun ki gen yon enfeksyon nan zòrèy ap amelyore san yon antibyotik. Gen kèk enfeksyon nan zòrèy ki rive akoz viris e
gen kèk lòt se akoz bakteri. Obsèvasyon vijilan se yon apwòch rezonab ke doktè w ka rekòmande.

Sentòm:

  • Fyèv
  • Doulè nan zòrèy
  • Iritabilite

Prevansyon:

  • Lave men w souvan epi anseye pitit ou konsènan lave men paske pifò enfeksyon zòrèy rive apre yon rim.
  • Evite ekspoze pitit ou a fas ak lafimen segondè.
  • Pa bay pitit ou a likid pou l bwè pandan li kouche.

Jesyon:

  • Konsidere itilizasyon asetaminofèn oswa ibipwofèn (selon enstriksyon ki sou pakè a) pou doulè ak lafyèv.
  • Mete yon sèvyèt cho pa deyò zòrèy la.
  • Anti-istaminik ak dekonjesyonan pa ede pou yon enfeksyon nan zòrèy.
  • Nan kèk sikonstans doktè w ka preskri antibyotik apre egzamen zòrèy pitit ou a.
  • Akoz risk rezistans antibyotik, yo pa rekòmande ankò pou bay antibyotik pandan anpil tan pou prevansyon enfeksyon nan zòrèy.

Tous

Pifò tous lakay granmoun ak timoun rive akoz enfeksyon viral vwa respiratwa yo (gade tablo ki pi ba a). Antibyotik yo sipoze itilize pou yon tous sèlman si pasyan an gen nemoni akoz bakteri oswa tès pozitif pou koklich.

Sentòm:

  • Lafyèv, tous, ak doulè pwatrin.
  • Tous ki bay yon likid ki ka jòn oswa vèt. Sa pa vle di se yon enfeksyon bakteri.
  • Sa ka vin bay yon respirasyon difisil.
    SONJE: Ak bwonchit viral, 45% moun yo toujou touse apre 2 semèn. 25% moun yo
    toujou touse apre 3 semèn

Maladi

Syèj

Gwoup Laj

Koz

Larenjit

Kòd vokal

Timoun ki Pi Gran / Granmoun

Viris

Kwoup

Kòd vokal ak trache

Timoun ki pi Jèn yo

Viris

Bwonch1

Tib respiratwa (laj)

Timoun ki Pi Gran /
Granmoun

Viris

Bwonchyolit

Tib respiratwa (piti)

Tibebe

Viris

Nemoni

Sak lè

Tout laj

Bakteri oswa viris

Koklich

Nen rive nan poumon

Nenpòt Laj

Bakteri

1 Pasyan ki gen maladi grav nan poumon pandan anpil tan gen yon enfeksyon bakteri lè yo fè bwonch.

Jesyon:

  • Bwè anpil likid, tankou dlo.
  • Medikaman kont tous ka ede timoun ki pi gran ak granmoun.
    SONJE: Pa lage pwodui sa yo nan men timoun piti oswa bebe ki poko gen senk lane.
    SONJE: Siwo pou tous yo ka gen ladan yo tou medikaman pou diminye lafyèv. Byen li etikèt yo epi verifye ak famasyen oswa doktè a pou evite depase dòz la.
  • Gout oswa pastiy kont tous ka ede timoun ki pi gran ak granmoun. Evite pastiy pou tous ki kont bakteri paske yo ka mennen nan rezistans antibyotik.
    SONJE: Pastiy pou tous pa dwe pou timoun mwens pase sis lane paske gen risk pou yo toufe.
  • Yon radyografi pwatrin rekòmande pou dyagnostike nemoni bakteri.
    Yon fwa yo fè dyagnostik la, yo preskri antibyotik nòmalman.

Sentòm Grav ke yon Pwofesyonèl Medikal Sipoze Egzamine

Sentòm sa yo mande atansyon yon doktè oswa yon enfimyè pratisyen.

Lafyèv:

  • Si yon timoun ki gen mwens pase 3 mwa gen lafyèv, yo sipoze egzamine yo tousuit.
  • Si yon timoun ki gen nenpòt laj gen lafyèv e li pa santi l byen, yo sipoze egzamine l tousuit.
  • Si yon timoun ki gen nenpòt laj gen lafyèv pandan plis pase 3 jou, yo sipoze egzamine l nan espas 24 èdtan.

Zòrèy fè mal

Al wè yon doktè si yon timoun gen yon zòrèy fè mal epi:

  • Li gen yon gwo lafyèv tou; oswa
  • Li pa santi l byen; oswa
  • Dèyè zòrèy li parèt wouj oswa anfle; oswa
  • Zòrèy li pouse devan; oswa
  • Zòrèy fè mal yo a kontinye rete grav pandan plis pase 24 èdtan malgre w ap
    itilize asetaminofèn/ibipwofèn.

Granmoun ki gen lafyèv oswa lòt maladi dwe toujou konsilte doktè oswa enfimyè pratisyen yo si sentòm yo vin pi mal oswa yo pi grav ke jan yo konn ye.

Nan Alberta, ou ka rele Lyen Sante (Health Link) (nan 811) si w bezwen konsèy oswa ou pa sèten kisa ki pi bon pou w fè.

Pou konsèy pratik sou pwoblèm sante lakay timoun, vizite ahs.ca/heal, yon resous enfòmasyon piblik Stollery Children’s Hospital ap jere.

Siy Ijans Sante

Si ou menm oswa yon moun w ap pran swen montre nenpòt nan
sentòm sa yo, tanpri chèche atansyon medikal tousuit.

Lafyèv

Chèche atansyon medikal tousuit si:

  • Yon moun nenpòt laj ki gen lafyèv ka iritab anpil oswa letajik (li difisil pou reveye oswa pou rete reveye), li vomi plizyè fwa, epi li ka gen yon kou rèd oswa yon gratèl ki pa ale lè ou peze sou tach yo (ki ka sanble ak ti boul).

Respirasyon

Chèche atansyon medikal tousuit si:

  • Yon moun malad ki gen nenpòt laj gen difikilte pou l respire (se pa akoz nen l ki bouche).
  • Yon moun malad k ap respire pi rapid oswa pi dousman ke dabitid, oswa po bouch, men, oswa pye l ble.

Kondisyon Jeneral

Chèche atansyon medikal tousuit si:

  • Yon moun ki malad nenpòt laj difisil pou l leve oswa pou l rete reveye oswa li nan konfizyon, li fache fasil, oswa ajite plis ke jan l konn ye, li gen yon gwo tèt fè mal ki pa vle pase, li gen kou ki rèd, li gen po klere oswa pal anpil oswa frèt lè w manyen l.
  • Yon moun malad gen siy dezidratasyon ki gen ladann po sèch, bouch sèch, yon zòn mòl ki plonje antre (fontanèl) lakay yon bebe, oswa li bay yon ti kras pipi.

Lòt rezon pou w chèche atansyon medikal tousuit gen ladan yo:

  • Si yon moun ki malad gen difikilte pou l vale oswa li bave anpil.
  • Si yon moun malad ki gen nenpòt laj, pa ka deplase, oswa li fè yon kriz.

Yo bay enfòmasyon sa a sèlman kòm yon referans. Tout tan, ou dwe itilize pwòp konesans ak jijman ou pou w konnen kilè ou bezwen pale ak yon doktè, enfimyè, oswa enfimyè pratisyen.

Nan Alberta, ou ka rele Lyen Sante (Health Link) (nan 811) si w bezwen konsèy oswa ou pa sèten kisa ki pi bon pou w fè.

Rezistans Antibyotik

Kisa rezistans antibyotik ye?

  • Nenpòt itilizasyon antibyotik, kit se pou bon oswa move rezon, ka mennen nan rezistans antibyotik. Pou limite rezistans antibyotik, antibyotik yo sipoze itilize sèlman lè ou vrèman bezwen sa.
  • Rezistans antibyotik se yon mekanis defans bakteri ki pèmèt yo siviv epi miltipliye, menm lè gen yon antibyotik ki prezan. Bakteri ki gen rezistans antibyotik pafwa yo rele yo “sipèbakteri”.
  • Lè bakteri gen rezistans antibyotik, antibyotik ki te konn mache lontan vin pa mache ankò.
  • Enfeksyon ki egziste akoz bakteri ki rezistan ak antibyotik yo difisil e pafwa enposib pou trete. Sa ka vin bay maladi ki dire lontan e petèt menm lanmò.
  • Sonje, bakteri a rezistan — SE PA OU MENM! Menm moun ki gen bon sante ki pa janm pran antibyotik ka vin enfekte ak bakteri ki rezistan ak antibyotik.

Antibyotik pa p ede pou enfeksyon viral, tankou rim, grip, ak bwonch (rim pwatrin). Itilizasyon antibyotik pou kalite enfeksyon sa yo ka mennen nan rezistans antibyotik.

Kisa ou ta dwe fè?

  • Pa panse w ap pran antibyotik lè ou menm oswa pitit ou gen yon rim oswa tous. Pifò nan enfeksyon sa yo se viris ki lakoz yo e antibyotik pa p ka ede w.
  • Diskite sou sa ak doktè w pou konnen si enfeksyon w lan viral oswa se bakteri ki bay li epi si yon antibyotik nesesè.
  • Se pou w pasyan lè ou menm (oswa pitit ou) gen sentòm rim, tous, oswa yon gòj fè mal. Pifò maladi viral yo pran 4-5 jou anvan ou kòmanse amelyore e jiska 3 semèn pou w refè nèt.
  • Pandan sezon rim oswa grip, lave men w souvan pou w evite malad. Suiv detay sou fason pou w byen lave men w nan paj ki annapre a.

Evite goumen ak bakteri ki GEN GWO REZISTANS.

Itilize antibyotik ak sajès!

Lave men

Lave men se pi bon fason pou kanpe enfeksyon k ap pwopaje!
80% nan enfeksyon ki komen yo ka pwopaje pa mwayen men.

Kilè pou lave men ou:

  • Anvan ou manje
  • Anvan, pandan ak apre ou fin prepare manje
  • Anvan ou bay tete
  • Apre ou fin itilize twalèt oswa ede yon timoun itilize twalèt
  • Anvan ak apre ou fin chanje daypè oswa sèvyèt ijyenik
  • Apre ou fin mouche nen w oswa netwaye nen yon timoun
  • Apre ou fin manyen bagay ou pataje ak lòt moun
  • Anvan ou mete oswa retire vè kontak
  • Anvan ak apre ou fin pran swen yon moun ki malad
  • Apre ou fin touche oswa bay yon bèt manje, oswa manipile dechè bèt
  • Avan ak apre ou fin pase fil dantè nan dan w

Fason pou w lave men w:

  1. Itilize savon ak dlo. Lave ak dlo poukont li pa p elimine jèm yo.
  2. Mouye men w.
  3. Pase savon lave. Pa itilize savon ki kont bakteri.
  4. Fwote men w ansanm pandan anviwon 20 segonn (oswa tan sa pran pou w chante Twinkle, Twinkle, Little Star). Fwote tout pati nan men w sa gen ladann pla men w, mitan dwèt yo, lepous ou, do men w, ponyèt, pwent dwèt, ak zong.
  5. Rense men w pandan 10 segonn.
  6. Siye men w byen siye ak yon sèvyèt pwòp.

Sa ou ta dwe fè:

  • Atann pou doktè, dantis, enfimyè, ak terapis yo lave men yo anvan yo egzamine ou menm oswa pitit ou.
  • Asire gen savon lave nan sal pou lave men nan lekòl pitit ou a ak kote w ap travay la.
  • Asire nan lokal gadri yo gen kote pou ni granmoun ni timoun lave men yo.
  • Itilize savon lave. Savon lave travay menm jan ak savon kont bakteri.  Savon kont bakteri pa rekòmande paske li mennen nan rezistans bakteri e li pa pi efikas pase savon lave.
  • Anseye pa mwayen egzanp.

Deklarasyon pou libere de responsabilite:

(Disclaimer statement)

Dokiman sa a fèt pou enfòmasyon jeneral sèlman e yo bay li sou yon baz “jan li ye a”, “kote li ye a”. Menmsi yo te fè efò rezonab pou konfime enfòmasyon yo kòrèk, Sèvis Sante Alberta (Alberta Health Services) pa fè okenn reprezantasyon oswa bay garanti, fòmèl, enplisit oswa legal, nan sa ki gen pou wè ak presizyon, fyabilite, totalite, kote li aplikab oswa si li mache pou yon itilizasyon patikilye enfòmasyon sa yo. Dokiman sa a pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante kalifye. Sèvis Sante Alberta (Alberta Health Services) libere l de tout obligasyon ki mache ak itilizasyon dokiman sa yo, e pou nenpòt reklamasyon, aksyon, demann oswa pousuit ki rive poutèt itilizasyon sa a.

Èske Ensèk yo Bezwen Medikaman (Do Bugs Need Drugs),
Kontwòl Maladi Kontajye,
Alberta Health Services.

DBND@ahs.ca
www.dobugsneeddrugs.org

© 2022 Sèvis Sante Alberta (Alberta Health Services),
Popilasyon Pwovens ak Sante Piblik

Travay sa a gen lisans anba kouvèti Creative Commons Attribution-Non-commercial-Share Alike 4.0 Lisans
Entènasyonal
. Pou w ka jwenn yon kopi lisans sa a, konsilte https:// creativecommons.org/licenses/by-nc-sa/4.0/. Ou lib pou w kopye, distribye epi adapte travay la nan objektif ki pa komèsyal, toutotan ou di se Sèvis Sante Alberta (Alberta Health Services) ki fè travay la epi respekte lòt tèm lisans lan. Si w defòme, transfòme, oswa konstwi sou travay sa a, ou ka distribye rezilta travay la sèlman anba kouvèti menm lisans lan oswa yonn ki konpatib. Lisans lan pa aplikab ak mak depoze, logo oswa kontni AHS kote Sèvis Sante Alberta (Alberta Health Services) pa gen dwa otè.

Share the Guide

Facebook
Twitter
Email
WhatsApp